1

Elbeaux Carlinx, Poèmes

Ti koze nan Pòtoprens

 

Se sou beton
pou w konnen bout reyalite.
Se nan mache chache
pou w konnen sa lari pote.
Kokoriko... koukouyoukou
depi kòk chante midi
konmè solèy ranje chita l
souf Pòtoprens fò, li cho, li kout
kou fanm gwòs ki kase lèzo.

Fòk ou ta moun isit pou ou konprann...
Vwa moto ak  vwa kamyon fè koral
pou kouvri briganday ti machann
nan tout bout kwen, sou tout twotwa
rèl lanbilans makònen
ak woywoy machin zotobre
pou panike yon pèp zonbi
yon mas san namm
k ap boukannen
anba fouk yon solèy sadik
solèy toutouni
solèy yanm kale.

Wounou-wounou siyameto,
goyin, rifla, ak megafòn.
Lamantasyon metal
bout fè, tòl, tèt kaderik,
vye chòdyè ki konn kwit lamizè
recho, pòtay
anba brimad kout mato.
Refren kòchon kamyon
k ap resite san repo
lorezon : Dèlma, Petyonvil, Ayopò
Jeral, Laplenn, Anba lavil.

Konplent bobota,
bobota san jèvrenn
san lasimòk
san kouray.
Bobota rechiya
k ap goumen ak lavi
jouk yo kriye san, kriye lafimen.

Siplikasyon pòv ki pa sispann
mande kichòy a sa k pa gen.
Kaskad ri chomè k ap chase strès
nan domino sou vye tab debwate
menm lè pa bò isit
se grangou ki toujou bay dekabès.

Anmwe vwazinaj
k ap mande sekou ponpye
pandan kay fin boule.
Briganday vagabon raj mode
lè gwo trip ap vale ti trip.
Blogodow aksidan...
Bri pataswèl granmoun k ap chivoke
timoun anmèdan tankou vye ranyon.

 

Pòtoprens tounen yon kanaval koulè
yon sòkòy, yon tchaka
kote tout zagribay, tout kouch melanje,
Tablo monte desann yon popilasyon
ki toujou prese men ki san destinasyon.

 

Se sou beton
pou w konnen bout reyalite.

 

Le tableau de ton corps.

 

Le jour se lève pour moi,
quand le rideau de tes paupières se tire
pour me laisser contempler
la lumière tendre de tes grands yeux.
Déesse, j'ai chevauché
sans répit mes rêves
au point d'arpenter l'univers;
ce n'est que dans la souplesse de ton corps
j'ai découvert Eldorado.
Mon coeur a palpité,
mon âme a frissonné
quand j'ai vu une fois,
la lune plonger sa nudité dans le miroir éclatant de ton sourire.
Mon sang comme un geyser
a bouillonné, grondé dans mes veines.
Mes cheveux ont tressailli,
quand j'ai trouvé
cette fontaine de vin et de miel
en fermentation dans ta bouche
aux margelles rouges et convoitantes:
huppes de fleurs
que la langue assoiffée de la nature
rêve d'embrasser et d'embraser.
Mon imagination joue au cache-cache
avec ton ombre,
elle parcourt le désert velouté de ton ventre jusqu'à ton jardin foisonnant,
jusqu'à ta forêt ébouriffée
jusqu'à l' écrin de ton être
cachant des fruits juteux et délectables .
Ange, ni or ni perles
ma sébile misérable attend de toi.
Donne-moi, juste la chance de savourer
les nombreuses délices
débordant de ta cruche.
L'éventail de sucreries que tu portes
dans la bourriche de ton opulente poitrine.
Chérie, laisse mon regard construire son nid
dans les branchages de tes cheveux.
Accorde-moi la chance de respirer
le parfum capiteux de lilas
émanant de ta voix.
Laisse-moi tapoter, caresser les tambours bombés et spongieux
surplombant ta charmante sculpture
pour faire tortiller, danser,
virevolter chacune de tes cellules
comme une fourmi éprise de nectar.
Le jour se lève pour moi quand le rideau de tes paupières se tire
pour laisser poindre tes deux auréoles de soleil colorant mon visage de toutes les belles couleurs d’Iris.
Quand la rosée de mes lèvres
peut s'étendre sans rupture
sur ton fruit défendu.
Le jour se lève c’est quand…

 

Tablo kò w

 

Bajou kase pou mwen
Se lè rido popyè w leve
Pou m wè zye w k ap briye.
Cheri mwen vwayaje sou do
rèv mwen
vizite tout peyi.
Men se nan kò w mwen dekouvri Eldorado.
Kè m palpite.
Nanm mwen vibre.
Lè m bare lalin
ki ap benyen yanm kale nan miwa souri w.
San mwen bouyi nan venn mwen
Cheve nan tèt mwen tresaye.
Lè mwen twouve sous myèl k ap fèmante nan bouch ou
dèyè touf flè
lang lanati vle karese.
Imajinasyon m fè lago ak lonbraj ou
li pakouri dezè vant ou jouk rive
nan gran chimen,
nan forè w
nan zantray ou
kote fwi lanmou ap donnen chak jou.
Cheri tanpri mwen pap mande w lajan.
Mwen pap mande w dyaman.
Men jis ban m chans
goute pwovizyon ou pote nan kannistè w.
Rapadou, konparèt, dous pistach
Ou chaje nan makouti pwatrin ou.
Cheri kite rega m fe nich
sou branch cheve w !
Akòde nen m chans respire pafen wozo
k ap boujonnen nan vwa w !
Kite men m tape, karese tanbou asotò w
pou chak selil nan kò w pran gouye
tankou foumi fou ki wè siwo !
Bajou kase pou mwen se lè rido popyè w leve
pou bay de kouwòn solèy ou
makiye vizaj mwen ak koulè lakansyèl.
Se lè lawouze lèv mwen
ka simen sou fwi defandi w.
Bajou kase se lè…

 

 

 

 

 

*  *  *

 

Nan pran jòf nan fetay kay
pwent tete w pike imajinasyon m
mo yo chanje koulè sou lang mwen
pou yo pran fòm lonbray ou.
Pa konn ki van ki ap mennen m.
Ki melodi ki ap trennen m.
Mwen pèdi nan labirent kò w
kote chak liy se yon mistè
soti nan kaskad chive w
jouk rive nan fant zòtèy ou.
Ayida wedo se fanm pouki te non w !
Se nègès pou ou ta ye !
Mwen paka pale de bote w
san mwen pa sèmante
san tonnè pa boule m
san loray pa kraze m.

*  *  *

A trop te lorgner
par la crevasse des murs
tes seins fermes, pointus
ont aiguillonné mon imagination,
et sur ma langue émue
les mots se metamorphosent
pour épouser la forme
de ton ombre.
Je ne sais quelle bourrasque m'entraine !
Quelle musique m'emballe !
Je me perds dans le dédale de ton corps
où chaque ligne,
chaque courbe est un mystère
des méandres sveltes de tes cheveux
aux interstices veloutés de tes orteils.
Pardieu ! Tu ne pouvais être que femme !
Tu ne pouvais être que négresse !
Je ne peux parler de ta vénusté
sans jurer par les dieux
sans être assommé par la foudre
sans que le diable ne m’emporte.

 

 

SI

 

Si le nègre est couleur d'ébène
c'est parce qu'il porte son histoire
sur sa peau blessée, raturée
et cicatrisée.

Si le nègre a le front hâlé
c'est parce qu'il a longtemps enduré
les morsures du soleil
dans les plaines
et les savanes arides
pour recouvrer  sa liberté.

Si le nègre a les bras noueux
c'est parce qu'il n'est pas fait
pour les chaines atroces
mais pour la lutte, la gloire
et la lumière.

Libye aurais-tu oublié...

Aurais-tu oublié
que ces canailles, ces hères,
aujourd'hui que tu enchaines
ont donné jadis leur sang et leur sueur
Pour vivre libre ?

Aurais-tu oublié
que ces chairs brûlées, ces ombres
aujourd'hui que tu ligotes
ont juré de ne plus avoir
ni de maitres
ni de dieux importés ?

 

Libye si tu as tout oublié...
Si ta mémoire est froissée
par la touche sadique du temps,
le nègre lui ne pouvait souffrir d'alzheimer
lui qui porte encore dans son âme
les entailles de l'esclavage.