Ti koze nan Pòtoprens

 

Se sou beton
pou w kon­nen bout reyalite.
Se nan mache chache
pou w kon­nen sa lari pote.
Koko­riko… koukouyoukou
depi kòk chante midi
kon­mè solèy ran­je chi­ta l
souf Pòto­prens fò, li cho, li kout
kou fanm gwòs ki kase lèzo.

Fòk ou ta moun isit pou ou konprann…
Vwa moto ak  vwa kamy­on fè koral
pou kou­vri brig­an­day ti machann
nan tout bout kwen, sou tout twotwa
rèl lan­bi­lans makònen
ak woy­woy machin zotobre
pou panike yon pèp zonbi
yon mas san namm
k ap boukannen
anba fouk yon solèy sadik
solèy toutouni
solèy yanm kale.

Wounou-wounou siyame­to,
goyin, rifla, ak megafòn.
Laman­ta­sy­on metal
bout fè, tòl, tèt kaderik,
vye chòdyè ki konn kwit lamizè
recho, pòtay
anba brimad kout mato.
Refren kòchon kamyon
k ap resite san repo
lore­zon : Dèl­ma, Pety­onvil, Ayopò
Jer­al, Laplenn, Anba lavil.

Kon­plent bobota,
bob­o­ta san jèvrenn
san lasimòk
san kouray.
Bob­o­ta rechiya
k ap goumen ak lavi
jouk yo kriye san, kriye lafimen.

Sip­likasy­on pòv ki pa sispann
mande kichòy a sa k pa gen.
Kaskad ri chomè k ap chase strès
nan domi­no sou vye tab debwate
menm lè pa bò isit
se grangou ki tou­jou bay dekabès.

Anmwe vwaz­i­naj
k ap mande sek­ou ponpye
pan­dan kay fin boule.
Brig­an­day vagabon raj mode
lè gwo trip ap vale ti trip.
Blo­godow aksidan…
Bri pataswèl gran­moun k ap chivoke
tim­o­un anmè­dan tank­ou vye ranyon.

 

Pòto­prens tounen yon kanaval koulè
yon sòkòy, yon tchaka
kote tout zagrib­ay, tout kouch melanje,
Tablo monte desann yon popilasyon
ki tou­jou prese men ki san destinasyon.

 

Se sou beton
pou w kon­nen bout reyalite.

 

Le tableau de ton corps.

 

Le jour se lève pour moi,
quand le rideau de tes paupières se tire
pour me laiss­er contempler
la lumière ten­dre de tes grands yeux.
Déesse, j’ai chevauché
sans répit mes rêves
au point d’ar­pen­ter l’univers;
ce n’est que dans la sou­p­lesse de ton corps
j’ai décou­vert Eldorado.
Mon coeur a palpité,
mon âme a frissonné
quand j’ai vu une fois,
la lune plonger sa nudité dans le miroir écla­tant de ton sourire.
Mon sang comme un geyser
a bouil­lon­né, grondé dans mes veines.
Mes cheveux ont tressailli,
quand j’ai trouvé
cette fontaine de vin et de miel
en fer­men­ta­tion dans ta bouche
aux margelles rouges et convoitantes:
hup­pes de fleurs
que la langue assoif­fée de la nature
rêve d’embrasser et d’embraser.
Mon imag­i­na­tion joue au cache-cache
avec ton ombre,
elle par­court le désert velouté de ton ven­tre jusqu’à ton jardin foisonnant,
jusqu’à ta forêt ébouriffée
jusqu’à l’ écrin de ton être
cachant des fruits juteux et délectables .
Ange, ni or ni perles
ma sébile mis­érable attend de toi.
Donne-moi, juste la chance de savourer
les nom­breuses délices
débor­dant de ta cruche.
L’éven­tail de sucreries que tu portes
dans la bour­riche de ton opu­lente poitrine.
Chérie, laisse mon regard con­stru­ire son nid
dans les bran­chages de tes cheveux.
Accorde-moi la chance de respirer
le par­fum capi­teux de lilas
émanant de ta voix.
Laisse-moi tapot­er, caress­er les tam­bours bom­bés et spongieux
sur­plom­bant ta char­mante sculpture
pour faire tor­tiller, danser,
vire­volter cha­cune de tes cellules
comme une four­mi éprise de nectar.
Le jour se lève pour moi quand le rideau de tes paupières se tire
pour laiss­er poindre tes deux auréoles de soleil col­orant mon vis­age de toutes les belles couleurs d’Iris.
Quand la rosée de mes lèvres
peut s’é­ten­dre sans rupture
sur ton fruit défendu.
Le jour se lève c’est quand…

 

Tablo kò w

 

Bajou kase pou mwen
Se lè rido popyè w leve
Pou m wè zye w k ap briye.
Cheri mwen vwaya­je sou do
rèv mwen
vizite tout peyi.
Men se nan kò w mwen dek­ou­vri Eldorado.
Kè m palpite.
Nanm mwen vibre.
Lè m bare lalin
ki ap benyen yanm kale nan miwa souri w.
San mwen bouyi nan venn mwen
Cheve nan tèt mwen tresaye.
Lè mwen twou­ve sous myèl k ap fèmante nan bouch ou
dèyè touf flè
lang lanati vle karese.
Ima­ji­nasy­on m fè lago ak lon­braj ou
li pak­ouri dezè vant ou jouk rive
nan gran chimen,
nan forè w
nan zantray ou
kote fwi lan­mou ap don­nen chak jou.
Cheri tan­pri mwen pap mande w lajan.
Mwen pap mande w dyaman.
Men jis ban m chans
goute pwovizy­on ou pote nan kan­nistè w.
Rapadou, kon­parèt, dous pistach
Ou cha­je nan mak­outi pwa­trin ou.
Cheri kite rega m fe nich
sou branch cheve w !
Akòde nen m chans respire pafen wozo
k ap bou­jon­nen nan vwa w !
Kite men m tape, karese tan­bou asotò w
pou chak selil nan kò w pran gouye
tank­ou fou­mi fou ki wè siwo !
Bajou kase pou mwen se lè rido popyè w leve
pou bay de kouwòn solèy ou
makiye vizaj mwen ak koulè lakansyèl.
Se lè lawouze lèv mwen
ka simen sou fwi defan­di w.
Bajou kase se lè…

 

 

 

 

 

*  *  *

 

Nan pran jòf nan fetay kay
pwent tete w pike ima­ji­nasy­on m
mo yo chan­je koulè sou lang mwen
pou yo pran fòm lon­bray ou.
Pa konn ki van ki ap men­nen m.
Ki melo­di ki ap tren­nen m.
Mwen pèdi nan labirent kò w
kote chak liy se yon mistè
soti nan kaskad chive w
jouk rive nan fant zòtèy ou.
Ayi­da wedo se fanm pou­ki te non w !
Se nègès pou ou ta ye !
Mwen paka pale de bote w
san mwen pa sèmante
san ton­nè pa boule m
san loray pa kraze m.

*  *  *

A trop te lorgner
par la crevasse des murs
tes seins fer­mes, pointus
ont aigu­il­lon­né mon imagination,
et sur ma langue émue
les mots se metamorphosent
pour épouser la forme
de ton ombre.
Je ne sais quelle bour­rasque m’entraine !
Quelle musique m’emballe !
Je me perds dans le dédale de ton corps
où chaque ligne,
chaque courbe est un mystère
des méan­dres sveltes de tes cheveux
aux inter­stices veloutés de tes orteils.
Par­dieu ! Tu ne pou­vais être que femme !
Tu ne pou­vais être que négresse !
Je ne peux par­ler de ta vénusté
sans jur­er par les dieux
sans être assom­mé par la foudre
sans que le dia­ble ne m’emporte.

 

 

SI

 

Si le nègre est couleur d’ébène
c’est parce qu’il porte son histoire
sur sa peau blessée, raturée
et cicatrisée.

Si le nègre a le front hâlé
c’est parce qu’il a longtemps enduré
les mor­sures du soleil
dans les plaines
et les savanes arides
pour recou­vr­er  sa liberté.

Si le nègre a les bras noueux
c’est parce qu’il n’est pas fait
pour les chaines atroces
mais pour la lutte, la gloire
et la lumière.

Libye aurais-tu oublié…

Aurais-tu oublié
que ces canailles, ces hères,
aujour­d’hui que tu enchaines
ont don­né jadis leur sang et leur sueur
Pour vivre libre ?

Aurais-tu oublié
que ces chairs brûlées, ces ombres
aujour­d’hui que tu ligotes
ont juré de ne plus avoir
ni de maitres
ni de dieux importés ?

 

Libye si tu as tout oublié…
Si ta mémoire est froissée
par la touche sadique du temps,
le nègre lui ne pou­vait souf­frir d’alzheimer
lui qui porte encore dans son âme
les entailles de l’esclavage.

 

image_pdfimage_print